Rezistans ke VIH
lan demontre nan medikaman avèk tès
1) Ki sa yon viris ki reziste ak
medikaman ye?
Genyen yon seri de jèm ki kapab
antre andedan kò yon moun. Nou ka rele yo patojèn.
Patojèn sa yo kapab vini sou fòm viris, fongis, bakteri,
e menm ti mikwòb ki rele pwotozowa. Depi yo rantre nan kò
yon moun, sa yo chache fè an premye se repwodwi, ki vle di fè
lòt parèy yo epi siviv.
Genyen remèd sou fòm
medikaman ke yo fè nan famasi espesyalman menm pou jèm sa
yo. Medikaman sa yo kapab detwi osinon anpeche jèm sa yo repwodwi
andedan kò yon moun. Si jèm sa yo kontinye ap repwodwi malgre
ke moun nan ap pran medikaman sa yo, sa vle di ke jèm yo chanje
fòm pou li ka abitye ak medikaman yo. Chanjman sa a rele mitasyon
epi abitid lan kapab rele rezistans.
Lè jèm sa yo vini rezistan,
medikaman an oubyen melanj medikaman yo pa mache ankò. Sa vle di
ke medikaman yo pèdi fòs ak kapasite pou yo bloke jèm
sa yo pou yo pa repwodwi. Aprè yon ti tan, tretman sa a ke moun
nan ap swiv lan sispann travay. Li ta enpòtan pou nou ta anpeche
jèm sa yo pou yo pa repwodwi paske repwodiksyon jèm sa yo
ka kòz rezistans ak medikaman yo.
2) Kòman fè VIH lan vini rezistan ak medikaman?
Se menm jan nou soti diskite l nan
kesyon nimewo 1 an, lè VIH lan vini rezistan ak medikaman
yo, se menm jan avèk fòs medikaman an ki vini febli oubyen
fòs melanj medikaman yo ki vini febli. Medikaman sa yo vini pa kapab
bloke VIH lan pou li pa repwodwi ankò andedan kò yon
moun. ·
Kòz rezistans ak medikaman yo
se mitasyon nan òganizasyon jenetik yon viris sitou VIH. Òganizasyon
jenetik VIH lan prezante sou fòm yon pwoteyin ki rele ARN
(Asid Ribonikleyik). Pwoteyin sa a enpòtan anpil epi viris lan bezwen
l pou li kapab enfekte bon selil ki konstwi kò yon moun epi anmenmtan
pou li ka fè lòt ti viris parèy li.
Mitasyon se yon efè ki pwodwi
souvan lakay VIH lan. Viris sa a tou repwodwi pa pil epi yon pakèt
alafwa. Pandan repwodiksyon an, kapab genyen erè. Men, viris lan
pa genyen ase pwoteyin pou li ta korije erè sa yo ki fèt
pandan rekòpiyaj materyèl jenetik ki antre nan konpozisyon
VIH lan.
Genyen 2 sòt anzim enpòtan
nan VIH lan: yon se reverse transcriptase epi lòt la
se protease (reverse transcriptase kapab tradwi an kreyòl
tankou revè nan tradiksyon mikwòb sou efè mitasyon,
protease kapab tradwi tankòu anzim chanjan). Nikleyoz Analòg
yo [Retrovir (AZT), Videx (DDI), Hivid (DDC), Zerit (D4T), Epivir (3TC),
epi Ziagen (abacavir)] avèk Arèt Non-Nikleyoz revè
nan tradiksyon mikwòb yo [Viramune (nevirapine), Rescriptor (delavirdine),
epi Sustiva (efavirenz)] sa yo vize yo direktemen sou anzim ki rele revè
nan tradiksyon mikwòb yo. Avèk nan anzim chanjan [Fortovase
(invirage), Crixivan (indinadir), Norvir (ritonavir), Viracept (nelfiravir),
Agenerase (anprenavir), epi Kaletra (lopinavir)] vize yo sou anzim chanjan
yo.
Pou medikaman sa yo ke yo fè
pou konbat jèm anti-retwoviral la [kapab mache byen, yo sipoze tache
kò yo nan anzim sa yo. Kèk mitasyon nan viris yo kapab anpeche
medikaman sa yo pou yo pa melanje ak anzim yo sa ka rann medikaman sa yo
febli kont viris sa yo.
Se mitasyon nan VIH ki kòz
jèm ki rezistan kapab pwodwi avan oubyen apre moun ki enfekte a
kòmanse terapi.
3) Ki sa ki kòz mitasyon
avan menm terapi kòmanse?
Sa kapab rive 2 jan: yon se seleksyon
natirèl, lòt la se transmisyon viris sa yo ki reziste ak
medikaman yo de yon kò a yon lòt.
Seleksyon Natirèl:
pa twò lontan aprè yon moun fini enfekte ak VIH, viris lan
kòmanse repwodwi andedan moun sa a byen vit (li fè apeprè
dis bilyon ti viris pa jou). Ti viris sa yo sanble egzakteman avèk
manman an, viris sa yo rele tip sovaj. Anmenmtan tou, yo kapab fè
ti viris ki pa sanble ditou ak manman yo, sa yo klasifye tankou viris
chanjan. Ki vle di viris sa yo soti ak domaj. Ou kapab di ke se yon
popilasyon viris k ap viv andedan moun ki enfekte yo. Gwoup sa yo varye
men yo genyen menm trèt. Nou kapab rele yo kwazi espès
oubyen menm espès viris yo.
Pandan repwodiksyon, espès sa
yo ta toujou vle rete tip sovaj paske tip sovaj sa yo soti nan yon repwodiksyon
ki pwisan anpil. Viris tip sovaj sa yo gen tan yon pakèt nan kò
pasyan epi yo domine sou tout lòt viris ki andedan kò yon
moun sitou sou kwazi espès yo oubyen menm espès yo.
Lè VIH la fè yon
fòt pandan diplikasyon, rezilta fòt sa a pwodwi sa k rele
Varyan ki yon tip de viris ki sibi mitasyon. Kèlke nan varyan sa
yo twò fèb pou siviv. Dè fwa yo pa kapab repwodwi
men yo pa kapab kenbe konpetisyon ke viris tip sovaj yo ap fè an
poutèt sa varyan yo pa an gran kantite lè ou konpare yo avèk
viris tip sovaj.
Kèk grenn varyan yo sibi sa
ki rele mitasyon ki pemèt yo de fwa oubyen toutan reziste ak medikaman
ke yo fè pou konbat jèm VIH lan (varyan sa yo nou ka rele
yo Polymorphism an anglè oubyen viris polymorphine).
Poutèt sa, moun ki enfekte ak VIH pa sipoze swiv yon monoterapi
ki vle di yo pa sipoze ap pran yon sèl medikaman kont jèm
VIH lan. Pa egzanp, VIH bezwen sèlman yon sèl mitasyon
- M184V - pou li kapab vin rezistan konplètman ak Epivir. Menm jan
an tou Viramune, Rescriptor, epi Sustiva ki yo klasifye tankou arèt
transcriptase non-nucleoside. Mitasyon ki rele K103N li menm kapab
fè viris yo vini ekstrèmeman rezistan avèk medikaman
ki klasifye tankou arèt trancriptase non-nucleoside lan.
Mitasyon nan VIH lan pwodwi pa
aza epi pa gen okenn fason definitif pou pèsonn kapab anpeche mitasyon
sa yo. Varyan ki pase anba mitasyon sa yo pa fè lòt mitasyon.
Souvan se sa ki fè yo pa kapab viv lontan andedan kò yon
moun ki enfekte. Pandan ke menm varyan sa yo kapab reziste ak kèk
medikaman kont jèm VIH lan, genyen lòt medikaman nan melanj
medikaman pou moun enfekte k ap swiv terapi ap pran ki kapab tiye yo. Se
sa ki fè yon rejim de 3 medikaman ou mwens pi bon nan terapi paske
yon varyan kapab reziste ak yonn men genyen yonn nan 3 ki pral tiye 1 kanmenm.
Viris ki reziste ak medikaman
ki transmèt de youn kò a yon lòt. Pwoblèm
sa a se trakase l ap trakase moun savan yo k ap fè rechèch.
Anpil moun ki teste pozitif pou VIH
kounye a ap pran oubyen te konn ap pran, epi menm ap kontinye pran medikaman
sou fòm terapi pou jèm VIH lan. Si moun sa yo devlope rezistans
nan medikaman antiretwoviral yo epi y ap fè sèks san yo pa
pwoteje tèt yo oubyen y ap itilize zegwi serenj avèk moun
ki deja enfekte ak VIH lan, li posib ke yo enfekte patnè yo
an avèk viris ki rezistan ak medikaman ki fèt pou konbat
jèm VIH la.
Men yon egzanp: an nou di yon moun
Mesie A genyen VIH lan epi l ap pran medikaman sa yo: Crixivan, Retrovir,
avèk Epivir. San li pa konnen ke li genyen sa ki rele yon chanjman
viral ki asosye avèk mitasyon ki ap reziste ak medikaman sa yo,
epi li ale fè sèks avèk Madanm B san li pa pwoteje
tèt li. Madanm B a se yon fanm ki teste negatif pou VIH. Viris ki
soti andedan Mesie A antre andedan Madanm B epi li kòmanse repwodwi.
Alafen, Madanm B vini enfekte ak yon pakèt varyan ki genyen kapasite
pou reziste ak anpil medikaman ki fèt pou konbat VIH lan (an anglè
varyan sa yo rele MDR ki tradwi, multiple drug-resistant).
O kòmansman MDR sa yo ki andedan
Madanm B, y a vini genyen kontwòl sou tout lòt viris ki repwodwi
andedan kò Madanm B a. Aprè yon ti tan, viris ki klasifye
tankou tip sovaj yo pral vini pran kontwòl lan nan men MDR yo. Sa
pa vle di ke MDR yo disparèt men MDR yo vini senpleman san pouvwa
nan popilasyon tout VIH k ap viv andedan Madanm B a.
Si moun nan te kòmanse terapi
2 zan aprè avèk Crixivan, Retrovir, epi Epivir, viris ki
klasifye tankou tip sovaj yo tap diminye oubyen yo tap ranplase tip sovaj
yo ki egziste deja andedan kò yon moun ki enfekte avèk VIH.
Kòm rezilta Madanm B genyen pwoblèm pou li redwi kantite
viris andedan l oubyen menm kenbe kantite sa envizib.
Daprè etid ke moun k ap fè
rechèch yo fè, 10% a 30% nan tout nouvèl enfeksyon
VIH demontre yon karaktè ki rezistan ak medikaman yo (etid ki fèt
sou moun ki enfekte dezan deja). Rechèchè sa yo kwè
ke pousantaj sa a ap ogmante nan ane ki gen pou vini yo.
Li posib pou moun ki enfekte ak VIH
yo kapab vini enfekte ankò avèk MDR (efè sa a rele
re-enfeksyon oubyen sipè enfeksyon). Genyen omwens kèk etid
ki demontre ke re-enfeksyon oubyen sipè enfeksyon an posib.
4) Ki sa ki kòz mitasyon
pandan terapi antiretwoviral lan?
Jiskaprè tretman antiretwoviral
la kòmanse, kantite VIH lan redwi anpil. Malerèzman
pa genyen okenn medikaman ki kapab elimine VIH konplètman, osinon
nou kapab di ke toujou genyen yon vyèp ti kantite VIH lan
ki kapab kontinye repwodwi malgre ke moun ki enfekte a ap pran medikaman
kont VIH.
Kòm nou soti diskite nan kesyon
3 an, genyen yon pakèt melanj VIH andedan kò yon moun
ki enfekete ak VIH. Medikaman kont jèm sa yo redwi kantite VIH ki
enfekte. Kantite viris ki klasifye tankou tip sovaj yo redwi e menm kantite
varyan yo tou redwi konsiderableman.
Viris ki klasifye tankou tip sovaj
yo trè sansib avèk medikaman kont jèm VIH lan. Akòz
de sa,varyan yo genyen plis avantaj pou yo siviv ke tip sovaj yo. Nan prezans
medikaman ki fèt pou konbat VIH yo, varyan yo ka vini tounen viris
ak karaktè pi dominan kay moun ki enfekte yo, malgre genyen yon
vyèp ti kantite VIH kay moun sa yo.
Avèk tan, varyan yo akimile
mitasyon an plis. Kèk lan mitasyon yo kapab vini ak domaj nan viris
sa yo. Pandan menm ke kèk viris ki sibi mitasyon kapab kreye yon
limitasyon sou kapasite medikaman ki kapab konbat jèm VIH la. An
mezi ke fòs medikaman yo ap desann, kantite viris ki kòz
rezistans yo ap ogmante. Sa fè tou kantite viris ki andedan moun
ki enfekte yo vini prèske envizib aprè yon tan. Si viris
sa a kontinye ap repwodwi, li kapab vin sibi yon pakèt mitasyon
an plis epi mitasyon sa yo vini kreye viris ki kapab reziste nèt
ak medikaman ki fèt pou konbat VIH lan.
Pandan terapi oubyen tretman, si genyen
mitasyon, mitasyon sa yo kapab primè oubyen segondè.
Chak medikaman ke yo devlope kapab asosye avèk omwens yon mitasyon
primè. Se mitasyon sa yo ki konsène anpil savan nan zafè
VIH paske se yo menm ki kòz pi gwo rezistans nan kesyon medikaman
kont jèm antiretwoviral. Mitasyon segondè a menm pa kòze
rezistans amwens li akonpanye avèk mitasyon primè tou. Si
tou lè 2 mitasyon yo la, rezistans nan zafè medikaman kont
jèm antiretwoviral yo ap vini pi konplike.
Menm pandan ke tou le 2 mitasyon kapab
kòz viris yo vini rezistan avèk yon seri medikaman ke yo
fè pou konbat VIH, yo menm genyen yon efè negatif sou pisans
viris lan. Se poutèt sa, genyen moun ki genyen VIH andedan yo, yo
ka wè ke selil CD4+ yo pa tèlman diminye. Nou kapab di ke
viris lan pèdi pouvwa pou li ta kòze dega nan sistèm
defansè ou moun ki genyen jèm ki ka reziste ak medikaman.
Sepandan, genyen kèk etid ki montre ke kèk mitasyon primè
ak segondè ka bay viris sa yo fòs, epi li menm posib pou
viris sa yo ka vini genyen plis fòs ke viris ki klasifye tankou
tip sovaj yo. Poutèt sa anpil espè nan la matyè yo
rekòmande ke moun sa yo chanje mòd de tretman oubyen terapi
avan menm ke viris sa yo kòmanse akimile plis mitasyon.
Kwazman rezistans kapab rive
tou pandan terapi. Lè VIH yo vini rezistan ak yon medikaman,
li kapab menm vini rezistan avèk lòt medikaman ki nan menm
kategori yo tou. Pa egzanp, si yon moun ap pran Crixivan, mitasyon primè
ak segondè sa yo ki pwodwi lakay moun sa yo vin menm avèk
mitasyon ki reskonsab rezistans nan medikaman ki rele Norvir lan; paske
ni Norvir lan, ni Crixivan an, tou le 2 se arèt pwoteyas ke yo ye.
Menm si moun sa yo pa pran Norvir, yo gen tan vini rezistan avèk
li. Se sa yon kwazman rezistans ye.
Meyè fason pou yon moun evite
akimilasyon nan mitasyon ki kapab kòze rezistans epi menm kwazman,
se pou moun sa yo kapab kenbe kantite viris nan kò yo pi ba ke posib
pou tou tan ke moun sa yo kapab.
5) Ki faktè enpòtan
ki kontribye nan akimilasyon jèm ki reziste ak medikaman akòz
de mitasyon?
Pa bliye ti lwa sakre sa a: Mwens viris
ke yon moun enfekte genyen andedan l, mwens chans pou viris sa yo repwodwi
epi mwens chans pou yo chanje fason sou fòm mitasyon. Si yon moun
ki enfekte ap swiv yon tretman ki genyen yon medikaman pisan, moun sa a
kapab kenbe kantite viris ki andedan l byen ba (apeprè mwens ke
50 kòpi chak mililit) epi rejim tretman sa a kapab retade mitasyon
an plis nan jèm sa yo tou.
Genyen anpil lòt aksyon ki kapab
anpeche medikaman ki bon pou konbat jèm VIH yo ke yo itilize nan
tretman mache malgre ke medikaman sa yo genyen anpil fòs. Aksyon
sa yo se: yon mank nan aderans oubyen yon dezenteresman, avèk
yon mank nan lòd ki egziste kaye pasyan an lè l ap pran medikaman.
Pou medikaman sa yo ta mache byen, pasyan an sipoze pran medikaman sa yo
jan ke doktè a preskri l lan. Pasyan ta sipoze tou pran medikaman
an a yon lè egzak chak jou, epi swiv yon rejim ki apwopriye ak medikaman
sa yo.
Lè yon pasyan manke dòz
medikaman an oubyen li pa pote atansyon ak jan medikaman preskri an, sa
kapab kòz sa yo rele yon etap rezèvwa. Etap rezèvwa
a vle di fason ke medikaman pwopaje nan san yon pasyan lè li pran
yon dòz jiskavan li pran yon lòt dòz sitou pa mwayen
oral ki vle di nan bouch. Si etap rezèvwa a vini twò ba,
VIH lan ka kòmanse repwodwi san kontraryete epi mitasyon an
plis kapab pwodwi.
Daprè kèlke rechèch,
yon moun ki VIH-pozitif sipoze swiv metòd medikaman yo egzakteman
a yon sètitid de 95% (ki vle di pa manke dòz yo epi pran
yo chak jou egzakteman a menm lè a). Si sa fèt konsa, medikaman
sa yo ap kapab mache byen. Si moun sa yo ta dwe manke dòz, li ta
sipoze yon sèl dòz pa mwa.
Medikaman yo pa byen rantre nan
san yon pasyan. Non sèlman yon pasyan sipoze pran medikaman
yo a lè, medikaman yo sipoze sikilè byen nan san pasyan yo
tou. Yon medikaman oubyen yon bann medikaman melanje ki pa byen rantre
nan san yon pasyan kapab kreye yon etap rezèvwa ki twò ba
kaye pasyan an. Sa ka kòz VIH lan ogmante epi repwodwi plis,
epi anmenmtan kreye yon akimilasyon jèm ki kapab reziste ak medikaman
kont VIH lan. Kèk medikaman travay byen avèk yon rejim ki
rekòmande. Pa egzanp, yon moun k ap pran yon dòz nòmal
Crixivan, dwe pran medikaman sa a 3 fwa pa jou chak 8 tè de tan
avèk vant vid ki vle di san manje. Avan yon pasyan pran Crixivan,
li pa dwe manje de zè de tan avan ke li pran medikaman sa yo. Yon
remak ki ka fèt, si Crixivan melanje avèk Novir, ki menm
tip yon ak lòt, genyen yon seri de manje ke pasyan k ap pran medikaman
sa yo pap kapab manje. Menm jan an tou pou moun k ap pran Videx, ki yon
grenn ke pasyan sipoze moulen nan bouch li oubyen valè avèk
anpil dlo. Menm jan an tou pou Fortovase. Moun k ap pran Fortovase, sipoze
pran l ak manje ki genyen anpil grès. Si yon pasyan pa swiv rejim
medikaman sa yo a la lèt, efè medikaman sa yo ap vini diminye.
Moun ki enfekte ak VIH yo ka souvan
genyen dyare avèk vomisman. Sa vle di ke medikaman kont jèm
antiretwoviral yo pwopaje twò vit. Sa kapab redwi kantite medikaman
ki rantre nan sikilasyon san andedan yon pasyan.
Chanjman an tèm de famakokinetik
- Famakokinetik se yon tèm ke moun k ap fè rechèch
yo itilize. Li vle di fason medikaman yo rantre, distribiye, dijere epi
soti andedan yon pasyan.
Menm lè 2 pasyan te kapab resevwa
menm medikaman, menm dòz, ou kapab jwenn plis kantite medikaman
nan san yonn ke nan lòt lan. Rezon ki ka fè sa, se kapab
kantite liv ke moun nan peze (pwa moun nan), wotè moun nan oubyen
laj moun nan. Li ankò klè e menm posib pou yon moun dijere
medikaman sa yo pi vit ke yon lòt. Sa sèlman kapab prese
oubyen retade vitès ke medikaman an pran pou li soti.
Sa ki enpòtan pou konprann,
se ke valè dòz medikaman sa yo, famasyen yo detèmine
l a pati de esè ke yo fè nan klinik. Esè sa yo detèmine
ki dòz ki kapab vini yon danje pou pasyan an si li pran osinon ki
dòz ki bon pou pasyan an tou nan tretman. Genyen yon kantite de
moun ki kapab genyen yon ti kantite viris trè ba nan kò l
malgre ke dòz medikaman y ap pran an pa tèlman elve tandis
ke genyen yon lòt seri se gwo dòz medikaman pou yo pran pou
yo ka genyen menm efè sa yo.
Nan lavni, moun ki okipe zafè
lasante pral kapab mezire kantite medikaman ki nan san pasyan yo jist nan
yon senp egzamen san. Egzamen sa poko fin devlope.Y a rele l sipèvizyon
medikaman nan tretman epi l a kapab ede doktè yo detèmine
valè etap rezèvwa kay yon pasyan. Sa ap kapab ede doktè
yo ede pasyan yo kenbe kantite viris andedan yo trè ba.
6) Èske yon rebondisman nan
kantite viris yo vle di ke genyen prezans viris ki reziste ak medikaman?
Genyen 3 fason pou yon moun detèmine
rezon ki fè ke medikaman pou tretman VIH la pa mache byen: (1) Kantite
viris ki pa detektab pandan kèlke premye mwa ke moun nan enfekte.
(2) Kantite viris ki pat detektab ki vini detektab toudenkou (yon ti chanjman
ki parèt yon sèl fwa nan kantite viris yo pa vle di ke medikaman
yo pa travay pou sa). (3) Yon kantite viris konsiderab ki kontinye ap ogmante
menm lè pasyan ap pran medikaman kont jèm sa yo.
Pandan ke viris ki andedan yon moun
kabap montre doktè yo si medikaman ke moun nan ap pran efektif,
li pa kapab eksplike pou ki rezon ke medikaman yo pa mache jan yo ta sipoze
mache.
Yon kantite viris ki detektab oubyen
yonn k ap ogmante nan kò yon moun ki enfekte pa vle di ke genyen
mitasyon nan viris ki pral vini rezistan. Kantite ki ogmante an kapab se
rezilta neglijans oubyen mank nan kantite medikaman ki antre nan san moun
nan. Pandan ke efè sa yo kapab tounen yon pwoblèm ki kòz
mitasyon nan viris yo, kantite viris sa yo te ka vini detektab menm avan
ke yo vini devlope. Poutètsa li enpòtan pou nou chache konnen
pouki kantite viris sa yo ap ogmante a la minit ke yo vini vizib.
Si rezistans vini devlope akòz
de mitasyon, kantite viris ki andedan yon pasyan ap kapab ede doktè
yo detèmine èske viris sa yo rezistan ou non. Menm an plis,
yon moun ki genyen VIH andedan yo ki reziste ak medikaman, doktè
pa kapab detèmine ki medikaman oubyen yon melanj medikaman ki kapab
mache pi byen dan laveni simpleman nan yon egzamen.
Pou nou kapab detèmine ki jèm
ki reziste ak medikaman nan tretman VIH-an, espè yo kapab itilize
2 egzamen oubyen esè. Egzamen sa yo disponib pou tout moun k ap
viv ak VIH avèk tout moun k ap bay moun k ap viv ak VIH yo swen.
Premye egzamen an rele egzamen jenotipik. Egzamen sa yo kapab ede
pasyan yo ak doktè yo wè mitasyon ki kòz viris yo
reziste ak medikaman oubyen yon melanj medikaman oubyen ki mitasyon nan
viris yo ki fè medikaman yo pa mache ankò. Dezyèm
egzamen an rele egzamen fenotipik. Egzamen sa a mezire valè
rezistans ke yon viris genyen kont yon medikaman.
7) Ki sa yon egzamen jenotipik ye?
Egzamen jenotip lan se yon egzamen
san ke espè yo pran pou yo kapab egzamine fòm aktyèl
oubyen fondasyon viris ki rele VIH lan. Fòm aktyèl viris
lan rele jenotip nan tèm syantifik. Nan egzamen sa a, espè
yo obsève VIH lan pou li ka wè egzakteman ki mitasyon ki
kòz rezistans nan kèk medikaman.
Yon egzanp: Kòm nou te diskite
nan kesyon nimewo 3 an, moun ki ap fè rechèch konnen ke Epivir
pa mache byen ditou kont VIH ki sibi mitasyon M184V nan anzim transkriptès
ranvèse. Si yon egzamen jenotipik dekouvri yon mitasyon nan pozisyon
M184V, anpil chans ke moun sa yo ki enfekte yo genyen jèm VIH ki
rezistan e ke Epivir pa ka fè anyen pou yo. · Pou anpil medikaman
ke ladan yo genyen arèt nan pwoteyas, pou rezistans nan medikaman
kapab egziste, jan yo sanblè a ta sipoze konplike.
Pou yon egzamen jenotipik fèt,
laboratwa yo itilize yon teknoloji ki rele PCR pou yo ka fè anpil
kòpi oubyen pou yo ka anplifye materyèl jenetik VIH
lan. A la minit ke anplifikasyon sa a fini, teknisyen yo kapab egzamine
oubyen obsève egzakteman kòman mitasyon fèt nan jèm
sa yo. Swivan tip epi kantite mitasyon ke yo jwenn, laboratwa yo kapab
di si yon pasyan vini devlope rezistans ak medikaman yo paske tout medikaman
yo swiv yon metòd pozisyon nan yon mitasyon byen detèmine.
Nou kapab di reyèlman genyen
2 tip egzamen jenotipik: (1) Analiz pwen mitasyon egzak epi (2)
Analiz nan atitid. Analiz nan atitid chache mitasyon nan oubyen
anzim ki genyen transkriptès ranvèse oubyen pwoteyas yo.
Pwen mitasyon egzak lan chache detekte mitasyon prensipal nan anzim ki
kapab kòze rezistans ak medikaman. Anpil nan laboratwa yo itilize
analiz pwen mitasion egzak paske li pi fasil, li mwen chè, epi rezilta
yo pi fasil pou yo entèprete.
Pou egzamen jenotipik kapab egzak,
echantiyon san ke yo itilize pou egzamen an sipoze soti nan yon moun ki
ap pran medikaman antiretwoviral e ke moun sa a genyen yon kantite viris
ki plis ke 1000 kòpi chak mililit.
Si moun sa a sispann tretman avan ke
li ale fè egzamen jenotipik lan, viris tip sovaj ki nan san li an
ap vini plis ke lòt viris ki soti nan mitasyon yo. Poutètsa,
rezilta egzamen sa yo pap montre ke moun nan genyen viris ki reziste ak
medikaman ke l ap pran yo, malgre viris la toujou nan san moun nan. Si
tretman ak menm medikaman sa yo rekòmanse, viris rezistan sa yo
kapab ogmante byen vit.
Se kèlke jou sèlman li
pran pou rezilta egzamen jenotipik lan pare epi li koute sèlman
ant $300 a $500.
8) Ki Jan teknisyen yo oubyen doktè
yo bay pasyan yo rezilta egzamen jenotip lan?
Lè teknisyen yo voye rezilta
egzamen sa yo tounen bay klinik lan, rezilta yo genyen rapò sou
mitasyon tout viris ki genyen anzim transkriptès ak anzim pwoteyas.
Sa ki enpòtan se konprann kòman teknisyen yo rapòte
obzèvasyon yo fè sou mitasyon sa yo.
Pa egzanp: M184V se yon mitasyon ki
kòz rezistans a yon medikaman ki rele Epivir. Nimewo 184 la vle
di pozisyon asid amin nan (oubyen kodon) nan anzim transkriptès
ranvèse a. Lèt M nan vle di Metyonin (Methionine).
Li reprezante asid amin nan ke yo jwenn nan pozisyon 184 nan viris ki klasifye
kòm tip sovaj lan epi ki posede anzim transkriptès ranvèse
a. Lèt V a vle di Valin (Valine). Valin nan reprezante mitasyon
ki kòz rezistans nan medikaman yo. Yon lòt fason egzamen
sa a ka eksplike, Metyonin ki nan asid amin nan pozisyon 184 lan vini chanje
pa yon Valin. Chanjman sa a anpeche Epivir fè kontak avèk
anzim yo pou anpeche viris sa yo repwodwi. · Pandan ke moun k ap
fè rechèch te ka idantifye yon kantite mitasyon ki kapab
kòze rezistans ak medikaman, yo pa konnen tout sa ke yo ta sipoze
konnen nan mitasyon. Yo jist konnen ke yon konbinezon de mitasyon kapab
kòz viris yo vini pi rezistan ak medikaman ki fèt pou konbat
jèm VIH lan, men yo toujou ap chache mitasyon ki pi enpòtan
nan kesyon rezistans lan.
Moun k ap fè rechèch
yo poko fin idantifye tout mitasyon jenetik yo. Tankou pa egzanp ki mitasyon
ki kòz rezistans ak medikaman ki rele Videx la epi Zerit lan. Rezistans
siman poko parèt nan san moun k ap pran medikaman sa yo. Men yo
kòmanse jwenn rezon ki kòz kèk VIH vini mwens
sansib avèk kèlke medikaman.
Mitasyon ki kòz rezistans nan
Retrovir avèk Epivir lan kapab chofe tèt moun k ap fè
rechèch yo. Pa egzanp yon egzamen jenotipik kapab montre ke yon
moun ki genyen VIH viris ki rezistan anpil avèk Retrovir epi si
moun sa a pran Epivir efè sa a parèt pi ankourajan.
Yon lòt limit ke egzamen sa
a genyen, li pa kapab evalye ti VIH san fòs nan san yon pasyan.
Nou kapab jwenn yon popilasyon VIH nan san yon pasyan ki genyen mitasyon
M184V yo (mitasyon ki kòz rezistans ak Epivir). Amwens ke viris
sa reprezante 20% nan tout VIH ki fòme popilasyon an, egzamen
sa a genyen gwo chans pou li pa revele anyen ditou sou viris sa yo.
9) Ki sa yon egzamen fenotipik ye?
Kontrèman ak egzamen jenotipik
nan k ap chache mitasyon nan VIH ki kapab reziste ak medikaman, egzamen
fenotipik lan mezire dirèkteman fenotip viris lan kò yon
moun oubyen sansibilite ke viris yo genyen ak medikaman ke moun nan ap
pran an.
Egzamen sa a plis mezire konsantrasyon
yon medikaman ki kapab anpeche diplikasyon yon viris nan yon volim byen
detèmine pa yon pousantaj de 50% oubyen 95%. Pousantaj sa a klasifye
kòm IC50 oubyen IC95 (IC an anglè tradwi tankou inhibitory
concentration ke nou kapab tradwi KI ki vle di Konsantrasyon inibitris).
KI la se konsantrasyon ki anpeche viris yo repwodwi. Ki vle di, nan laboratwa,
espè yo ap chache yon konsantrasyon de medikaman ki pou anpeche
viris yo pou yo pa repwodwi ankò. Espè sa yo itilize egzamen
fenotipik lan. Kondisyon an se si yon dòz òdinè medikaman
kapab anpeche repwodiksyon viris yo, pap janm genyen rezistans menm si
espè yo itilize yon pi gwo dòz.
Konsantrasyon medikaman ki nesesè
pou kenbe viris yo pou yo pa repwodwi mezire nan yon inite ki rele nanomole
(nM). Pa egzanp IC50 viris ak tip sovaj yo egal a 100 nM la kay yon
moun, epi egzamen fenotypik lan montre tout viris yo net a 400 nM. Ki vle
di ke pasyan pa demontre yon trè gran rezistans (apeprè 4
fwa mwens tip sovaj yo).
Kontrèman ak egzamen jenotipik
la, egzamen fenotipik lan pa vrèman bezwen yon gwo kantite viris.
Menm jan ak egzamen jenotipik lan, li rekòmande pou pasyan an pran
medikaman ki fèt pou konbat jèm VIH yo pandan menm jou ke
yo pral bay san pou fè egzamen sa yo. · Paske egzamen fenotipik
lan mezire sansiblite viris lan ak medikaman ke moun nan ap pran an, anpil
moun k ap fè rechèch sou kesyon sa a, fè egzamen sa
a konfyans plis ke egzamen jenotipik lan. Li pi egzak e menm li pi fasil
pou konprann.
Egzamen fenotipik lan konplike epi
li pran plis tan pou yon moun jwenn rezilta sa a. Tan ke li pran an se
pou rezilta a ka soti pi egzak. Li kapab pran de 10 jou jiska anpil semèn
avan pasyan an jwenn yon repons. Epi egzamen sa a chè tou, li koute
ant $700 ak $900.
Egzamen fenotipik lan pa kapab evalye
moun ki genyen yon vyèp ti tras VIH nan san yo. Pa egzanp, kapab
genyen kèk popilasyon viris nan VIH lan ki pa kapab reziste ak Epivir,
amwens ke pousantaj viris sa yo nan popilasyon an plis ke 10% a 20% nan
tout VIH nan san yon pasyan, genyen yon gwo chans pou egzamen sa
a pa wè viris sa yo.
Yon lòt ka ki reprezante yon
pwoblèm pou kèk syantis: yo pa kapab etabli yon gid pou yo
endike ki lè viris la rezistan e ki medikamen ke pasyan ap pran
pa itil anyen ankò. Pa egzanp, yon senk, sis, ou sèt fwa
lavalè sansiblite nan rediksyon yon viris konsidere tankou modere
men genyen yon gwo diferans ant yon senk fwa a yon sèt fwa lavalè.
Rechèchè yo toujou ap chache etabli yon gid pou yo ka di
ki lè yon medikaman pa itil ankò akòz de rezistans.
10) E si espè yo itilize
ni jenotopik ak fenotipik la ansanm?
Sa kapab yon èd paske li ede
teknisyan detèmine sansiblite chak egzamen sa yo, sepandan, egzamen
sa yo chè.
Kounye an genyen yon egzamen ke y ap
devlope an Ewòp ki kapab konbine tou lè 2 egzamen sa yo ansanm.
Egzamen sa a ke yo rele fenotipik vityèl lan ap analize an
premye jenotip VIH lan. Kou jenotip viris la fin analize, laboratwa
a pral konpare rezilta a avèk jenotip yon pakèt lòt
pasyan ki genyen dosye yo nan laboratwa a (apeprè 65000 VIH jenotip
konsa). Aprè sa egzaminè yo pral analize fenotip viris lan
ki korespon ak lòt viris ki nan dosye yo. Y ap analize tout enfòmasyon
sa yo ansanm epi y ap chache yon medikaman ki bon pou tretman.
11) Èske egzamen sa yo kapab
fèt sou moun ki pral pran medikaman antiretwoviral yo pou la premye
fwa?
Pe nou baze sou sa nou konnen deja,
sitou nan repons kesyon nimewo 3 a, tout moun ki genyen VIH, genyen yon
jèm nan viris sa a ki demontre rezistans a yon medikaman menm avan
tretman kòmanse. Sepandan, ti kantite a piti anpil pou l ta ale
an afè avèk viris tip sovaj yo. Ti jèm sa yo gentan
mouri menm avan y al melanje avèk lòt viris yo. Nan yon lòt
fason nou ka esplike sa, ni egzamen jenotipik e ni egzamen fenotipik k
ap pa bay okenn rezilta ki egzak sou zafè rezistans lan.
Egzamen pou jèm ki rezistan
yo kapab plis aplike pou moun ki genyen jèm ki rezistan ak anpil
medikaman (yo rele yo an anglè, MDR). Jiskapre jèm
ki reziste ak anpil medikaman alafwa yo antre andedan yon moun, yo kòmanse
repwodwi. Aprè yon ti tan, tip sovaj yo anvayi kò moun nan
epi li pran kontwòl popilasyon jèm yo. Pou yon egzamen ta
mache byen, fòk teknisyen yo ta pran san moun sa a touswit aprè
moun sa yo fin enfekte (kèlke semèn aprè). Malerèzman,
se sèlman yon ti gwoup ki konnen lè yo fèt enfekte
epi ki kouri ale wè moun ki bay lasante.
12) Èske egzamen sa yo ka
endike Doktè yo pou yo chwazi yon lòt tretman ak lòt
medikaman pou pasyan yo si tretman ke pasyan konn itilize avan an pa bon
ankò?
Men wi. Kòm nou soti diskite
sa nan kesyon nimewo 6 la, egzamen sa yo detèmine èske medikaman
yo mache oubyen yo pa mache (egzamen ki kontwole viris la). Egzamen ki
kontwole rezistans yo menm ede pasyan yo konprann vrè rezon ki fè
medikaman sa yo pa mache ankò, epi ki lòt chwa ke yo genyen
an tèm de tretman.
Si viris nan san moun nan ta vini envizib
oubyen li ta vini vizib ankò aprè yon tan ke egzamen an pat
kapab montre l, egzamen ki demontre rezistans yo kapab montre pouki rezon
sa a rive. Si egzamen jenotipik ka montre ke pa genyen mitasyon oubyen
egzamen jenotipik la montre ke genyen kèk VIH ki genyen ti
efè sou medikaman ke moun malad la ap pran an, pwoblèm nan
kab: Pa gen ase efò ki fèt nan itilizasyon medikaman yo,
oubyen pasyan an pa pran medikaman an jan li ta dwe pran lan, oubyen medikaman
an pa byen antre nan san malad la. Li bon pou pwoblèm sa yo ta chache
rezoud avan menm ke rezistans kòmanse devlope.
Si VIH lan pase nan etap mitasyon,
osinon yo pèdi sansiblite yo ak medikaman sa yo ki fèt pou
konbat jèm maladi sa a, egzamen ki detekte rezistans kay jèm
sa yo sipoze itilize pou yo ka wè lòt medikaman ki rete epi
ki pa kapab mache byen kont viris la.
Si egzamen pou rezistans lan pa itilize,
li rekòmande pou nenpòt moun k ap swiv yon tretman ki genyen
plizyè medikaman ki pa mache chanje pou yon lòt tretman tou
nèf. Sa kapab yon esperyans ki di, paske anpil moun ki enfekte ak
VIH la eseye anpil medikaman deja. Li kapab tou yon tan pèdi pou
sa ki genyen anpil lòt chwa devan yo.
Genyen yon pakèt etid ki demontre
ke egzamen fenotipik yo avèk egzamen jenotipik lan kapab ede pasyan
yo avèk moun ki okipe afè lasante yo chwazi yon lot tip de
tretman aprè ke tretman ke pasyan sa yo te konn ap itilize an pa
mache ankò. Pasyan sa yo ki itilize egzamen yo kapab kenbe kantite
VIH lan byen ba pase sa k pa itilize egzamen sa yo.
Egzamen ki demontre rezistans kapab
endike ki lè yon medikaman ki pa mache ankò dwe elimine,
oubyen elimine yon tretman ki pa mache ankò. Daprè yon etid
ke espè yo te piblye nan mwa janvye lan demil an sou youn jounal
ke yo rele Journal of the American Medical Association, 17 moun
ki ap pran yon konbinezon de Crixivan, Retrovir, avèk Epivir vin
genyen yon ogmantasyon de viris lakay yo pandan ke y ap resevwa tretman.
Li fè sans pou nou ta blame ogmantasyon sa sou MDR yo, men egzamen
rezistans demontre ke 14 ladan yo genyen jèm ki reziste ak Epivir
sèlman. Crixivan toujou kapab bloke VIH lan.
Egzamen sa yo ki endike rezistans lan
pa ale a tout jèm yo. Pa egzanp, egzamen atenotopik ka demontre
ke VIH lan pasyèlman rezistan ak yon seri de arèt pwoteyas
(kabon Crixivan). Nan ka sa a, li ka posib pou nou jis ajoute yon lòt
medikaman (tankou yon vyèp ti dòz Ritonavir) pou nou k ap
ogmante efè Crixivan nan kò yon malad. Lè nou ogmante
Crixivan lakay moun malad yo, pa gen okenn lòt medikaman ki ka konbat
viris ki pasyèlman rezistan ankò.
13) Èske espesyalis yo rekòmande
egzamen ki detekte viris ki reziste ak medikaman yo?
Wi, de gwoup enpòtan ki konpoze
de moun ki okipe zafè medikal rekòmande ke doktè yo
ak moun ki okipe zafè lasante itilize egzamen sa yo sitou si yon
chanjman nan tretman pou malad la merite fèt. Yonn nan gwoup sa
a ki rekòmande egzamen an se Sosyete Entènasyonal Sida (EIA),
ki yon oganizasyon medikal prive ki konpoze de anpil savan ameriken ak
savan nan lòt peyi.
14) Ki jan yon malad ka evite pran
test egzamen sa yo?
Genyen yon seri de etap ke yon moun
ki teste VIH-pozitif ka itilize pou li anpeche oubyen desann fason rezistans
la devlope:
Aprann otan ke ou kapab sou medikaman
sa yo ke yo fè pou konbat VIH lan. Plis yon pasyan konnen de
viris lan, plis bon chwa ke li kapab fè pou li anpeche rezistans
nan medikaman yo.
Kòmanse tretman avèk
yon medikaman ki pwisan anpil. Premye tip tretman ke yon pasyan ap
itilize se li ki bon chans pou li antyèman kraze fòs viris
sa e menm anpeche ke genyen rezistans nan medikaman.
Swiv enstriksyon medikaman yo avèk
atansyon. Kòm nou te diskite nan kesyon 5 lan, li trè
zenpotan pou pasyan an pran medikaman yo jan yo preskri l la. Manke dòz,
pa pran kantite ke yo preskri, manje lè medikaman sa pa sipoze pran
ak manje, tout sa kapab kòz yon ogmantasyon nan kantite viris k
ap viv andedan ou, epi viris sa yo kapab kòze rezistans ou kòze
mitasyon.
Kominike byen avèk doktè
nou. Pasyan sa yo sipoze konprann sa dokte a ap di yo, sitou nan fason
pou yo pran remèd yo. Toujou poze kesyon e anmenmtan repòte
tout pwoblèm ou jwenn bay doktè yo pou ou kapab evite rezistans.
Zafe egzamen regilie nan youn kantite
viris. Si kantite viris yo ap ogmante, sa vle di genyen kèk
ladan yo ki rezistan. Monitè oubyen siveye viris sa yo regilièman
se pi bon fason pou anpeche rezistans.
Administrasyon Manje ak Dwòg
(FDA) la poko apwouve okenn egzamen pou rezistans. Sepandan, genyen yon
pakèt egzamen rezistans sou mache a, anpil ladan yo, asirans lasante
peye pou yo.
Egzamen Rezistans ki sou mache a:
Egzamen jenotipik:
TrueGene VIH-1 (Jenetik Vizib)
VircoGEN (Virco) (Trete Ozetazini
pa Laboratwa LabCorp)
INNO-LiPA (Egzamen ak liy de sond)
(Inojenetik)
VIH-1 GentypR (Espesyal pou Laboratwa)
Egzamen Fenotipik:
Fenosens VIH (Virolojik)
Antivirogram (Virco)
Glosè
Aderans: woutin ke pasyan itilize
pou li ka pran medikaman ke doktè preskri nan yon mòd de
tretman. Si woutin nan pa regilye, valè medikaman vini fèb.
Konfòmite se yon lòt mo ke yo kapab itilize pou aderans.
ADN (Asid Dezosi Ribonikleyik):
Se yon doub sèk molekil ki fòme kwomozòm ki plase
nan mitan yon selil. Kwomozòm sa yo genyen enfòmasyon jenetik
sou fòm syantis yo rele jèn.
ADNb (ADN branche): Yon egzamen
ki mezire kantite VIH ak lòt viris lòt tip ki nan san
yon moun ki enfekte. Rezilta tès la vini nan inite viris ki nan
yon mililit plazma oubyen san. (Gade tou PCR)
Antiretwoviral: Yon sibstans
ki kanpe oubyen siprime aktivite tout viris ki nan san yon moun tankou
VIH, pa egzanp. AZT, ddC, ddI, d4T se egzanp antiretwoviral ke yo ye. Yon
lòt mo pou antiretwoviral se antiviral.
Anzim: se yon pwoteyin ki nan
yon selil ki genyen yon fòm espesyal. Fòm sa a pèmèt
li pòte plizyè molekil sere sere yon kont lòt.
Arèt Pwoteyas: Yon medikaman
ki fèt pou li bloke tout aksyon ke yon pwoteyas VIH lan ta
kapab fè.
ARN (Asid Ribonikleyik): Yon
senp sèk molekil ki genyen tout sekans nikleyè yon selil.
Menm jan avèk ADN yo genyen menm fòm men ADN nan genyen doub
sèk. Nan retwoviris yo, ARN se inik depo pou tout jèn viral
yo.
ARTNN (Arèt Transkriptès
ranvèse Non-Nikleyotid) (NNRTI an anglè): Yon menm nan
fami Efavirenz, Delavirdin, epi Nevirapin. Aksyon li se pou li konbine
dirèkteman avèk tout anzim VIH pou li ka kraze tout
aksyon ke viris lan ap fè pou ARN viris lan pa chanje an ADN. ARTNN
soufri anpil de mitasyon rapid VIH lan.
Asid Amin: Se yon molekil a
baz de yon eleman chimik ki rele azòt. Asid amin nan se poto mitan
oubyen fondasyon pwoteyin tankou anzim misk, epi fòmasyon lòt
molekil. Kò yon moun itilize sèlman 20 nan 80 tip asid amin
ki egziste nan lanati.
Egzamen fenotipik: Se yon tès
ki mezire sansiblite VIH ak medikaman antiretwoviral yo.
Egzamen jenotipik: Yon egzamen
san ki detèmine aranjman jenetik kò yon moun. Egzamen fèt
souvan nan VIH pou yo ka wè èske genyen mitasyon ki
kòz rezistans.
Esè: Se yon tès
oubyen yon egzamen.
Fenotip: Aparans aktyèl,
konpòtman, oubyen aktivite yon òganis. Fenotip yon viris
VIH chanje sou yon reyaksyon jenotip. Yon mitasyon nan figi jenetik yon
fenotip kapab chanje konpòtman fenotip viris lan. (Gade tou jenotip)
Jèn: Yon pati nan ADN
nan ki nan yon kwomozòm. Li detèmine fason yon pwoteyin espesyal
sanble, oubyen tou fason yon anzim sanble. Yon jèn kontwole zafè
metabolik nan yon selil, anmenmtan tou devlopman avèk espesyalizasyon
selil avèk tisi ki nan kò yon moun.
Jenotip: Fason ke yon fòmasyon
jenetik kay yon moun sanble. (Gade tou fenotip)
KI (Konsantrasyon Inibitris) (IC
an anglè): Kantite oubyen dòz medikaman nan san yon pasyan
ki kapab siprime repwodiksyon yon jèm tankou VIH. Pa egzanp, KI
95 vle di ke medikaman yo efikas a 95% nan san pasyan an.
Kodon: Yon ti inite de 3 nikleotid
ki detèmine ki asid amin ki plase nan yon pozisyon espesyal nan
yon chen pwoteyin. Yon chanjman nan asid amin ki nan chen pwoteyin nan
kapab kòz yon chanjman tou nan VIH. Mitasyon tou kapab reskonsab
rezistans nan medikaman yo.
Nikleyosid: Yon inite molekilè
ki sèvi tankou poto mitan tout ADN ak ARN ke nou jwenn nan tout
kò vivan sou la tè.
Nikleyotid Analòg: Yon
tip medikaman antiviral tankou AZT, ddI, ddC, d4T, 3TC, oubyen Abacavir,
ki reskonsab pou li anpeche ARN ki nan VIH lan chanje an ADN.
PCR: Teknoloji ke yo itilize
nan laboratwa pandan ke y ap fè ni tès jenotipik lan ni tès
fenotipik lan, pou yo anplifye ADN ki nan yon viris.
Pwoteyas: Anzim ki kòz
yon separasyon nan pwoteyin yo. Pwoteyas yon VIH chanje tout pwoteyin
VIH lan plas. VIH sa yo vini fòme lòt ti viris ki tache kò
yo nan po yon selil.
Pwoteyin: Yon molekil trè
laj ki genyen tout sekans asid amin yo ladan. Kèlke hòmòn,
tout anzim ki egziste, tout fòm selil, se egzanp pwoteyin yo ye.
Rezistans Kwaze: Yon rezistans
kwaze oubyen kwazman rezistans se yon fenomèn ki eksplike pouki
yon viris oubyen yon bann viris ki kòz gwo maladi reziste ak yon
medikaman oubyen yon bann medikaman ke yo itilize nan yon tretman senp.
Rezistans: Rediksyon nan sansiblite
ke yon jèm genyen ak yon medikaman. Rezistans sa yo se rezilta mitasyon
jenetik yon viris. Nan VIH, mitasyon sa yo kapab chanje fòm anzim
ak pwoteyin yo ou fason pou viris kapab reziste ak medikaman antiretwoviral
yo.
Sansiblite: Degre ke jan yon
òganis afekte pa yon medikaman. (Gade tou rezistans)
TAFA (Tretman Antiretwoviral ki
Fò Anpil) (HAART an anglè): Yon konbinezon de 3 medikaman
oubyen plis ke yo itilize nan yon tretman pou yo ka fè kantite viris
ki nan san yon pasyan vini envizib.
Tretman prensipal: Se pi bon
tretman ke yon doktè ofri yon pasyan ki pa te janm tap pran medikaman
avan. Poutèt kwazman rezistans, tretman prensipal la kapab afekte
efikasite lòt tretman ki ka vini aprè.
Viris tip sovaj: Sa rive lè
VIH rekopye tèt li san defo oubyen èd nan laboratwa. Li rive
pandan mitasyon.
Written by: Tim Horn
Edited by: James Learned and Jerome
Ernst, MD
This brochure was originally produced
with support from the Westchester County Department of Health.
Copyright 2001 AIDS Community Research
Initiative of America (ACRIA).
All rights reserved. Reproduction
of this booklet is encouraged as long as it is reproduced in its entirety
and full credit is given to:
ACRIA
230 West 38th Street 17th Floor
New York, NY 10018
212-924-3934
Fax 212-924-3936
Edited and brought into conformance
with official Haitian Creole Orthographical Standards by Marilyn Mason
(MariLinc@aol.com - http://hometown.aol.com/marilinc/Index3.html),
August 2002.